- Syans
- Konesans ki shita sou reyalite. Yon bransh konesans byen defini. Konesans sou lwa lanati. Tout kò ki pre fas tè a ap toujou tonbe sou li; sa a a se yon lwa lanati ki rele gravite.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Aritmetik — Syans ki okipe afè nonb avèk operasyon nonb sa yo … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Ekoloji — Syans ki etidye anvirónman; tout detay kijan moun adapte yo avèk zòn yo ap viv la e moun nan antouraj yo … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Ekonomi — Syans ki etidye kijan biznis fèt nan yon peyi e kijan lajan pase nan men moun, soti nan yon endistri pou ale nan yon lòt, soti nan yon biznis pou ale nan yon lòt … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Jeografi — Syans ki pale, mezire fas tè a, de moun ki sou tè a … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Meteyoloji — Syans ki etidye tan avèk shanjman nan tan an … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Politik — Syans ki etidye gouvènman, kijan moun gouvène lòt moun. Mannigans moun itilize pou montre yo se yon bon moun devan tout moun ki kandida pou yon djòb. Aksyon moun ki ap shashe mwayen pou fè lòt moun vote pou yo nan yon eleksyon … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Matematik Yo — Plizyè syans ki etidye anpil bagay ki pa fè sans e ki eksplike relasyon ki egziste ant tout bagay sa yo. Yon syans matematik di si A se menm avèk B, B se menm bagay avèk C, A avèk C se menm bagay la ou byen si A=B, B=C, konsa: A=C … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Etid — Reshèsh pou mete konesans nan yon sèvo. Shashe konnen yon bagay, konstitisyon yon bagay. Konesans nan yon disiplin, yon syans … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Fizik — Yon bagay ki gen kò menmsi moun kapab ou byen pa kapab toushe. Syans ki etidye kijan tout bagay fonksyone, relasyon yon bagay avèk yon lòt, mouvman bagay, enèjy ki gen nan shak bagay, e latriye. Jan yon bagay fèt … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Fizisyen — Moun ki etidye, fè reshèsh, fè eksperyans nan syans fizik la … Definisyon 2500 mo Kreyòl